Orlando, Konnen Dwa Ou.

ICE ak lòt ajan imigrasyon ap opere nan Florid, san wete zòn Orlando a. Ajan yo ka rive lakay ou, nan plas travay ou, lekòl, oswa lòt kote. Gid sa a ap ede ou prepare sou sa pou ou fè ak kijan pou ou kenbe kominote nou an an sekirite devan prezans yo.

Enpòtan! Gid sa a se enfòmasyon jeneral. Li pa yon konsèy legal epi li pa fèt espesyalman pou sitiyasyon pa ou. Pale ak yon avoka imigrasyon pou konsèy sou ka pa ou.

Ou gen dwa konstitisyonèl:

  • OU PA OBLIJE OUVRI PÒT LA si yon ajan imigrasyon ap frape nan pòt ou.

  • OU PA BEZWEN REPONN OKENN KESTYON nan men yon ajan imigrasyon si yo eseye pale avèk ou. Ou gen dwa pou ou rete an silans.

  • OU PA OBLIJE SIYEN ANYEN san ou pa pale ak yon avoka anvan. Ou gen dwa pou ou pale ak yon avoka.

Si ou deyò lakay ou, MANDE AJAN AN SI OU LIB POU OU ALE, epi si yo di wi, pati nan kalm.

Si ou panse yon moun ou konnen te detni…

  • Zouti Rechèch: ICE opere yon Sistèm sou Entènèt pou Jwenn Moun ki nan Detansyon la a.

Klike la a pou Enfòmasyon sou Ka Otomatize.

Resous Legal

Men yon lis òganizasyon ou ka kontakte (demann lan anpil anpil):

  • FLORIDA IMMIGRANT COALITION (FLIC): Rele Liy Dirèk FLIC la: 1-888-600-5762.

  • Orlando Center for Justice: Vizite la a.

  • HOPE Community Center: Klas sitwayènte ak sipò legal pou rezidans, U visa, T visa, VAWA, DACA, ak TPS .

  • Umbrella Brigade: Sipò pou makèt. Volontè yo ka pote pwovizyon lakay ou si ou pè rankontre ICE an piblik .

  • Farmworkers Association of Florida.

  • Kat Wouj (Red Cards): Pou enprime Kat Wouj ki soti nan ILRC pou ede ou revandike dwa ou, klike la a.